Gad lari Pòtoprens
06 janv. 2005
Ou poko fe yon vire
Nan lari Pòtoprens
Ou pa kon-n kote
Pou mete pye-w
Ni nan ki direksyon
Pou fikse zye-w
Ki diskou nou kenbe
Tanto prezidan avi
Youn di viv la nasyon ayisyèn ini pou toutan
Lòt di rale ti chèz ba-w pou yon yi koze anba tonèl
Degaje-w kou-w konnen pou-w naje pou-w sòti
Lè se pa ansanm nou se lavalas
Yon sèl dwèt pa manje kalalou
Se kleron \"je suis kle président de tous les haïtiens\"
Gras a dye mwen pa ayisyèn
M-se pòtoprensyèn
Pa gen youn ki te chèf mwen
Ou pa ta fè yon sezisman
Aprann konte de 1 jiska 5
Sanble pa gin lòt chif nan matematik, aritmetik la
Ti sylabè ayisyèn pa-t gen valè
A la koze papa!
Ou pa janm vire
Nan kèk katye, kèk zòn pou tande
Wa sezi wè sa
Yon pakèt jounalis
Yon bann medya
San antèn ka bay e fè nouvel
W\'ap poze tèt ou kesyon
E menm mande
Ki non jounalis sa yo nasyonal ou entènasyonal
Yo san lè rele tèt yo
Lilyàn, soni, mari lisi, evra
Rikado òtega, anwaye espesyal
Nan ki estasyon y-ap travay
Ki jounalis yo ye
Ekri, pale, televize
Chèche konnen!
Sa k-ap fè kòmantè
Sou sitiyasyon peyi a
Jòb di anvan sa te rive
Mwen te gentan konnen
Bòb sius ki pa menm ka mache
Konnen sa ki di nan tout reyinyon
Sa-k pas nan chak manifestasyon
Vwazin kouman ou ye, ou pral vann
Kote kòmè anyen poko klè non, yon kadè se yon kouri
Pitit ou pran nan cho!
Di-n non ki slogan w-renmen
Paske de tan zan tan l-chanje
Ak sa diksyonè nou an
Pap janm manke mo
An-n site kèk
Kale bouda-w, voye-l sou bit la
Ou gen yon pè pijon blan
Se lavi, kokorat, marozo, chimè
Yo! sa ka-p fèt, poze, respè
Rat pa kaka, sourit pa travèse lari
Grenn nan bouda
Mezanmi! a la kote ou tande
Depi lontan n\'ap siveye kò-n
Poukisa tout moun pè moun
Sa-k genyen yo pa konn
Nan ki kan ou kanpe
Ou pè pou yo pa pote ou ale
Di-n non souple
Ou se divalyeris, atache, frapp,
Lavalas, konvèjans, endepandan, net
Si-w potko konn jòj
De tan, twa mouvman
Yo montre ou jòj a klè!
Pa bliye Pòtoprens vann nou
Men li pa janm ba-w papye
Di fèt li chaje ak pwopriete
Alòs veye kote w-ap met pye-w
Chaje po fig ak po mango
Nan lari sa ou sanlè fè yon bitay
E byen ti fanm, ti gason
Siveye kò-w nan lari Pòtoprens!.